Dalszöveg
[Intro – ton ral ak pad mistik, vwa k ap vini nan fon]
(FoupouKris… Dinho’s Productions)
Yeah…
Ou menm k’ap jwé bòlèt m pa pral di w ké sa pa bon,
Men anpil pansé ké bòlèt ka fè mirak, men l’ pa konsa non…
Tann mwen eksplike w li an chanson.
[Verse 1]
Tandé sa… Yon mirak, sé pa lè w genyen nan bòlèt la,
Men sé kwè nan tèt ou menm lè byenavan, ou pa t’ konn fè sa.
Dayè pa bliyé ké w té kòmansé kòm sivilyen anvan w vinn sòlda,
Épitou sé nan moman dout yo, ké w vinn gen chak viktwa.
Gade tèt ou nan glas la —
Donk sé paské Bondyé poko fini avèk ou, ki kòz ou la.
Pa kité kozé vyé moun ak lapèrèz fè w kwè w pa kapab,
Paské menm aprè echèk yo, ou kontinyé lévé chak fwa,
Poutèt sa, Bondyé égzaminé kè w, épi l’ di w: “Men mirak la!”
[Hook – ton rap melodik ak choral background k ap repete “Mirak la…”]
Lavi aprann mwen ké yon mirak, sé lè w kanpé menm lè w té tonbé.
Lavi aprann mwen ké yon mirak, sé lè w kwè menm lè w pa wè.
Lavi aprann mwen ké yon mirak, sé lè w kontinyé malgré w san fòs.
Ékspéryans di m, sé pa chans, sé lafwa k ap lévé w nan pousyè a.
[Verse 2 – flow pi vit, enèji monte]
Toutt moun di m pa tap janm ka fè l, lamityé!
Jodi a m’ tounen prèv ké Bondyé sèvi ak sa yo méprizé.
Pèsonn pa konn sa m’ t’ap viv, men yo toutt t’ap ri m lè m té tonbé,
Poutan an silans m té gentan tounen on grenn pwomès anba tè a k ap pousé.
Isiba, m s’on timoun ki sòti nan lapousyè, m pa janm bliyé,
men dépi tou piti, mwen konsyan ké m gen zétwal nan jé m.
Pou sa frè m, sè m, mwen pa bezwen fè maji pou m kléré —
Pi bon zanmi m sé lafwa, s’on syans ki pa janm nan manti, sé klé.
[Bridge – ton ral, atmosfè, emosyon ap monte]
Yo pral di w sé maji, men kwayans ou ka fè linivè a ouvè pòt pou ou.
Alòs lamityé, Bondyé pa bezwen bòlèt pou l montré w fòs Li.
Li jis bezwen kè w kwè ké ou kapab, épi l’ap aji.
[Hook – repete ak adlibs / ton final pi emosyonèl]
Lavi aprann mwen ké yon mirak, sé lè w kanpé menm lè w té tonbé.
Lavi aprann mwen ké yon mirak, sé lè w kwè menm lè w pa wè.
Lavi aprann mwen ké yon mirak, sé lè w kontinyé malgré w san fòs.
Ékspéryans di m, sé pa chans, sé lafwa k ap lévé w nan pousyè a.
[Outro – fade ak pad, vokal ral ak reverb long]
Pou m fini, sonjé pou w pa gadé rézilta a sèlman...
Men pito w gravé nan léspri ké Mirak la, sé ou menm.
A zene stílusa
haitian trap, motivational rap, deep spoken word flow, emotional piano trap beat, atmospheric 808s, street gospel vibe, inspired by Wendyyy, Jefferson Cardozo, Nesly Isma